Mwen se Moïse LINDOR Mwen se yon moun ki gen yon pasyon pou teyat depi lè m piti men premye gwo eskperyans mwen sete nan Dram’art an 2010 ak Rolando Etienne yon potorik gason mkapab di ki louvri je m sou kesyon teyat. Mwen rankontre kont sa gen plis ke 5 ane e depi jou sa m santi se yon disiplin ki enpòtan epi mwen tonbe damou l. Mwen patisipe nan divès atelye kont FOUDIZÈ òganize. Manm Atelye Lanjelis- ATLA, mwen se yon kontè, komedyen epi mwen se etidyan nan syans kontab.
Comments are closed.